1. Akseptasyon Tèm yo
Lè ou itilize sit Marc Ship la, ou dakò ak tout tèm ak kondisyon ki ekri nan dokiman sa a san okenn rezèv.
2. Itilizasyon Kont Kliyan
- Chak kliyan responsab pou sekirite enfòmasyon li bay yo.
- Marc Ship pa responsab pou okenn reta oswa pèt ki soti nan fo enfòmasyon kliyan an bay.
3. Rekiperasyon & Livrezon Koli
- Koli yo remèt sèlman bay mèt kont lan oswa yon moun ki gen yon otorizasyon ekri legal.
- Yon pyès idantite valid (NIF, CIN, Paspò) obligatwa pou w ka pran koli w.
4. Pri & Peman
- Tarif nou yo baze sou pwa reyèl (lb) oswa volim machandiz la.
- Nou gen dwa modifye pri yo selon chanjman nan mache transpò a, men sa pa afekte koli ki te deja rive nan depo nou.
5. Sekirite & Responsablite
- Marc Ship garanti sekirite kago w soti nan depo nou rive nan men w.
- Sepandan, nou pa responsab pou machandiz ki rive domaje nan depo nou poutèt move anbalaj vandè a (Amazon, eBay, elatriye).
6. Sispansyon Kont
Marc Ship gen dwa fèmen kont nenpòt moun ki itilize sèvis la pou aktivite ilegal oswa ki pa respekte anplwaye nou yo.